SlideShare una empresa de Scribd logo
1 de 3
Konferans pou laprès
16 Jen, 2011

     KOFAVIV ki se << Komisyon Fanm Victim pou Victim >> ki fè pati
Rezo Fanm BAI voye yon gwo kout chapo pou tout zanmi laprès nasyonal
ak entènasyonal ki vini kore konferans pou laprès sa a.

       Devan sitiyasyon makyavelik ki mete gwo epidemi lafyèv vyolans
tankou kadejak, bastonad ak vyolans vèbal kap fè ravaj sou fanm ak tifi nan
peyi Dayiti, kote asosi, lila ak lalwa pa kapab trete epidemi sa-a, nou menm
nan KOFAVIV,FAVILEK, KONAMAVID, FEMCADH ak GCFV ki fè pati de Rezo
BAI, nou konstate kantite zak malonèt sa yo ki te rèd anvan 12 janvye 2010
vin pi rèd toujou apre dat sa , kote vyolans tout kalite sou fanm ak tifi sitou
nan kan ak anba prela pi plis pase yon lane apre tranbleman de tè a .<< SA
Se Twòp Atò ! Nou Bouke>> sa se rèl tout fanm ak tifi kap viv nan move
kondisyon lijyèn, kote ensekirite ak enjistis sou tout fòm blayi.

     Sa ki pi tris toujou, KOFAVIV, konstate menm TIBEBE (1) yon lane pa
chape anba kadejakè. Nou genyen timoun tou kap vyole timoun. Sistèm jistis
nou pa prepare pou ka sa yo. Pwosedi sou ka vyòl yo twò long. Fòk nou rive
jwenn yon repons efikas, pi senp epi pi rapid. Se sak fè nou menm fanm nan
KOFAVIV ak tout lòt òganizasyon fanm ki nan Rezo fanm BAI, nou rasanble
vwa nou Jodi a pou nou pouse yon rèl pou nou di : Sa Se Twòp Atò ! Nou
Bouke! Ann aji.

     Wi fòk nou aji pa rapò ak tout kantite ka nou anrejistre nan biwo
KOFAVIV depi mwa janvye 2011 pou rive mwa Me. Nou resevwa plis pase
209 ka, pami yo genyen :

   • 119 timoun sòti yon lane pou rive nan 17 lane

                          50 Christ Roi, Ruelle Moïse, Imp. Percier
                (509) 3450-5053 / 3453-0081 / 3860-0045 / info@kofaviv.org
                                     www.kofaviv.org
• 90 granmoun



      Pami ka sa yo genyen 53 ki te rive jwenn swivi legal gras ak BAI .



     Nou menm fanm, nou di :<< li lè ! li tan ! pou vyolans kaba !>> sou
fanm ak tifi Paske fòk nou pa bliye timoun yo se avni peyi a e fanm se poto
mitan lavi a. Nou mande Prezidan Michel Joseph Martelly jan li te pwomèt li
nan kanpay e li te repete li nan diskou 14 me a fòk vyòlans sispann fèt sou
fanm ak tifi pou li kenbe pwomès li epi mete polisye fanm nan komisarya yo
pou resevwa fanm lè yo viktim. Nou mande leta ayisyen pou pran
responsabilite li pou vyolans sou fanm kaba. Nou bouke wè maskarad jistis
<<arete Jodi, lage demen>>,



 sa vle di ti sourit nan barik tafya. Kofaviv, ak tout lòt òganizasyon ki fè pati
rezo BAI ap mande palmantè ayisyen yo ak tout ògan nan leta pou pran bon
jan lwa ak mezi kont tout kadejakè san konsyans. Nou mande kominote
entènasyonal ak tout òganizasyon ki ap defann dwa moun pou kontinye
kore lit kap fèt kont vyolans sou fanm ak tifi.



Fòk nou pa bliye ke fanm yo te patisipe nan liberasyon peyi a , alòs èske se
vyolans ki dwe sèvi yo kòm rekonpans pou gwo travay yo te fè a? Nan ka sa
nou ap mande laprès nasyonal ak entènasyonal pou fè vwa nou rive nan
zòrèy moun ki konsène yo pou fanm ak tifi ka jwenn bon jan jistis san pati
pri. Se poutèt sa nou di:


                           50 Christ Roi, Ruelle Moïse, Imp. Percier
                 (509) 3450-5053 / 3453-0081 / 3860-0045 / info@kofaviv.org
                                      www.kofaviv.org
Anmwey, sa se twòp atò, nou bouke! Fòk nou aji !




          50 Christ Roi, Ruelle Moïse, Imp. Percier
(509) 3450-5053 / 3453-0081 / 3860-0045 / info@kofaviv.org
                     www.kofaviv.org

Más contenido relacionado

Más de WE-LEAD HAITI Heartland Alliance

Jour 2 atelier de témoignage participer a la reconstruction
Jour 2 atelier de témoignage participer a la reconstructionJour 2 atelier de témoignage participer a la reconstruction
Jour 2 atelier de témoignage participer a la reconstruction
WE-LEAD HAITI Heartland Alliance
 

Más de WE-LEAD HAITI Heartland Alliance (20)

Genrer le processus de financement de la reconstruction
Genrer le processus de financement de la reconstructionGenrer le processus de financement de la reconstruction
Genrer le processus de financement de la reconstruction
 
L'evolution du statut de la femme en haiti
L'evolution du statut de la femme en haitiL'evolution du statut de la femme en haiti
L'evolution du statut de la femme en haiti
 
Module 3 ex 1 analyse de projets
Module 3 ex 1   analyse de projetsModule 3 ex 1   analyse de projets
Module 3 ex 1 analyse de projets
 
Module 3 ex 2 typologie des projets
Module 3 ex 2   typologie des projetsModule 3 ex 2   typologie des projets
Module 3 ex 2 typologie des projets
 
Module 3 fiche 1 integration du genre
Module 3 fiche 1   integration du genreModule 3 fiche 1   integration du genre
Module 3 fiche 1 integration du genre
 
Module 3 fiche 2 typologie de projets
Module 3 fiche 2   typologie de projetsModule 3 fiche 2   typologie de projets
Module 3 fiche 2 typologie de projets
 
Jour 2 atelier de témoignage participer a la reconstruction
Jour 2 atelier de témoignage participer a la reconstructionJour 2 atelier de témoignage participer a la reconstruction
Jour 2 atelier de témoignage participer a la reconstruction
 
Jour 2 questions aux decideurs de la reconstruction
Jour 2 questions aux decideurs de la reconstructionJour 2 questions aux decideurs de la reconstruction
Jour 2 questions aux decideurs de la reconstruction
 
Questions sur les projets
Questions sur les projetsQuestions sur les projets
Questions sur les projets
 
Petit audit genré des projets
Petit audit genré des projetsPetit audit genré des projets
Petit audit genré des projets
 
Zouti Kanpay
Zouti KanpayZouti Kanpay
Zouti Kanpay
 
Redaction d'un communiqué
Redaction d'un communiquéRedaction d'un communiqué
Redaction d'un communiqué
 
Ti kaye pledwaye
Ti kaye pledwayeTi kaye pledwaye
Ti kaye pledwaye
 
Module 3 ex 2 typologie des projets
Module 3 ex 2   typologie des projetsModule 3 ex 2   typologie des projets
Module 3 ex 2 typologie des projets
 
Module 3 ex 1 : Analyse de projets
Module 3 ex 1 : Analyse de projetsModule 3 ex 1 : Analyse de projets
Module 3 ex 1 : Analyse de projets
 
Module 3 ex 2 : Typologie des projets
Module 3 ex 2 : Typologie des projetsModule 3 ex 2 : Typologie des projets
Module 3 ex 2 : Typologie des projets
 
Module 3 fiche 1 : Integration du genre
Module 3 fiche 1 :  Integration du genreModule 3 fiche 1 :  Integration du genre
Module 3 fiche 1 : Integration du genre
 
Jeu de rôle : les stereotypes sexistes
Jeu de rôle : les stereotypes sexistesJeu de rôle : les stereotypes sexistes
Jeu de rôle : les stereotypes sexistes
 
Repartition des roles
Repartition des rolesRepartition des roles
Repartition des roles
 
Stereotypes sexistes
Stereotypes sexistesStereotypes sexistes
Stereotypes sexistes
 

Exemple de Communique

  • 1. Konferans pou laprès 16 Jen, 2011 KOFAVIV ki se << Komisyon Fanm Victim pou Victim >> ki fè pati Rezo Fanm BAI voye yon gwo kout chapo pou tout zanmi laprès nasyonal ak entènasyonal ki vini kore konferans pou laprès sa a. Devan sitiyasyon makyavelik ki mete gwo epidemi lafyèv vyolans tankou kadejak, bastonad ak vyolans vèbal kap fè ravaj sou fanm ak tifi nan peyi Dayiti, kote asosi, lila ak lalwa pa kapab trete epidemi sa-a, nou menm nan KOFAVIV,FAVILEK, KONAMAVID, FEMCADH ak GCFV ki fè pati de Rezo BAI, nou konstate kantite zak malonèt sa yo ki te rèd anvan 12 janvye 2010 vin pi rèd toujou apre dat sa , kote vyolans tout kalite sou fanm ak tifi sitou nan kan ak anba prela pi plis pase yon lane apre tranbleman de tè a .<< SA Se Twòp Atò ! Nou Bouke>> sa se rèl tout fanm ak tifi kap viv nan move kondisyon lijyèn, kote ensekirite ak enjistis sou tout fòm blayi. Sa ki pi tris toujou, KOFAVIV, konstate menm TIBEBE (1) yon lane pa chape anba kadejakè. Nou genyen timoun tou kap vyole timoun. Sistèm jistis nou pa prepare pou ka sa yo. Pwosedi sou ka vyòl yo twò long. Fòk nou rive jwenn yon repons efikas, pi senp epi pi rapid. Se sak fè nou menm fanm nan KOFAVIV ak tout lòt òganizasyon fanm ki nan Rezo fanm BAI, nou rasanble vwa nou Jodi a pou nou pouse yon rèl pou nou di : Sa Se Twòp Atò ! Nou Bouke! Ann aji. Wi fòk nou aji pa rapò ak tout kantite ka nou anrejistre nan biwo KOFAVIV depi mwa janvye 2011 pou rive mwa Me. Nou resevwa plis pase 209 ka, pami yo genyen : • 119 timoun sòti yon lane pou rive nan 17 lane 50 Christ Roi, Ruelle Moïse, Imp. Percier (509) 3450-5053 / 3453-0081 / 3860-0045 / info@kofaviv.org www.kofaviv.org
  • 2. • 90 granmoun Pami ka sa yo genyen 53 ki te rive jwenn swivi legal gras ak BAI . Nou menm fanm, nou di :<< li lè ! li tan ! pou vyolans kaba !>> sou fanm ak tifi Paske fòk nou pa bliye timoun yo se avni peyi a e fanm se poto mitan lavi a. Nou mande Prezidan Michel Joseph Martelly jan li te pwomèt li nan kanpay e li te repete li nan diskou 14 me a fòk vyòlans sispann fèt sou fanm ak tifi pou li kenbe pwomès li epi mete polisye fanm nan komisarya yo pou resevwa fanm lè yo viktim. Nou mande leta ayisyen pou pran responsabilite li pou vyolans sou fanm kaba. Nou bouke wè maskarad jistis <<arete Jodi, lage demen>>, sa vle di ti sourit nan barik tafya. Kofaviv, ak tout lòt òganizasyon ki fè pati rezo BAI ap mande palmantè ayisyen yo ak tout ògan nan leta pou pran bon jan lwa ak mezi kont tout kadejakè san konsyans. Nou mande kominote entènasyonal ak tout òganizasyon ki ap defann dwa moun pou kontinye kore lit kap fèt kont vyolans sou fanm ak tifi. Fòk nou pa bliye ke fanm yo te patisipe nan liberasyon peyi a , alòs èske se vyolans ki dwe sèvi yo kòm rekonpans pou gwo travay yo te fè a? Nan ka sa nou ap mande laprès nasyonal ak entènasyonal pou fè vwa nou rive nan zòrèy moun ki konsène yo pou fanm ak tifi ka jwenn bon jan jistis san pati pri. Se poutèt sa nou di: 50 Christ Roi, Ruelle Moïse, Imp. Percier (509) 3450-5053 / 3453-0081 / 3860-0045 / info@kofaviv.org www.kofaviv.org
  • 3. Anmwey, sa se twòp atò, nou bouke! Fòk nou aji ! 50 Christ Roi, Ruelle Moïse, Imp. Percier (509) 3450-5053 / 3453-0081 / 3860-0045 / info@kofaviv.org www.kofaviv.org