Fotografi se PASYON !
Pafwa, li menm tounen OBSESYON !
Anpil fwa, moun panse fè Foto se jis rale yon Kamera epi klap!
Men Fotografi plis pase sa. Fotografi Se KONPOZISYON, LIMYÈ,
EKSPRESYON, DETAY, ISTWA, KOULÈ. Li vin pi difisil pou kaptire
yon imaj ki reponn ak kritè sa yo, sitou lè ou deside fè foto ak yon
aparèy ki pa t KREYE alabaz jis pou sa ki se telefòn.
2. Fotografi se PASYON !

Wi ! tout Foto ou pral gade la yo fèt ak telefòn pòtab mwen.
Prezans mwen nan lari a chak jou te vin yon pretèks pou mwen
kapte mouvman, moman ak detay ki nan kotidyen chak ayisyen
k ap fonksyone nan kapital la. Li te pi fasil e mwens riske pou m
te pran chak grenn foto ak telefòn mwen.
Ak telefòn, pratik sa gen anpil kontrent ladan l ; men kontrent sa
yo ede w imajine 20 000 lòt fason posib pou w reyalize yon bon
foto.
Ou ka reyalize yon BÈL FOTO ak nenpòt aparèy. Gen 40 a 50
lane de sa, fotograf pa t kapab pwodui kalte bèl imaj sa yo nou
gen jounen jodi ak aparey yo te genyen alepòk ki te vann byen
chè.
Aparèy la konte. Moun ki dèyè nenpòt aparèy la konte plis
toujou.
Rale Telefòn ou, Fè foto, kreye san mezi , fè moun vwayaje ak sa
ou pral kaptire !
TONY TUCH / STEPHANA DORVAL
#kreye
Lari Pòtoprens
34. MÈSI
Mèsi a tout moun ki de prè ou de lwen te la
pou ankouraje'm nan pwojè sa .Mèsi Pierre
Stanley BAPTISTE ki san ezite ede m nan
aranjman, mèsi a Stephana Dorval mwen jis
di men sa map fè epi li desan vin kotem san
kanpe, mesi Gloria I.Sylvain ki pap janm pa
banm chalè! Mèsi Berline Pierre ki tap tande
tout plenyen yo pandan map fè pwojè sa
mèsi tout moun ki toujou ap ankourajem
san nou mwen patap janm gen fòs pou m
kontinye